Lari an kòm espas, chaje talan, malerezman Leta pa rive ankadre.

Jèn fi Ayiti

Depi plizyè lane, enstabilite peyi an sou divès aspè (ekonomik, sosyal, ak politik) montre klèman Ayiti pa rive ofri posibilite siviv ak ansanm moun k ap viv ladan l yo.

Anpil nan yo ap viv chak grenn jou ki pase san lespwa kouman demen kapab ye. Sa a pa senpman yon kesyon ensekirite men tou nan ansanm aspè nou sot site yo, Leta pa rive kanpe pyès politik piblik pou akonpanye pèsonn.

Nan ansanm abitan yo, nou konstate majorite an se jenn fanm ak jenn gason. Kategori nou ta ka konsidere kòm avni peyi an, ki souvan fwa chaje ak rèv, panse batay pou yon demen miyò, men ki domaj, pa rive jwenn pyès asistans bò kote Leta. Anpil nan yo ki fin fè klas filozofi yo chwazi kite peyi an pou al etidye, travay, epi itil lòt kote. Ouswa rete batay nan peyi an nan nivo sa posib.

Kounya, ki batay ki posib pou yon jenn k ap viv ayiti fas ak yon Leta ki sandout pa rive defini pyès politik piblik e kwak li okouran de batay sila, li pa rive defini pyès altènativ tou?

Cageline, 21 lane, te gen rèv pou l te vin medsen, jounen jodi an rann li bò mache an fè chak maten pou ale penyen epi fè zong moun.

« Papa m di m de granmoun pa ret nan menm kay jis paske li te santi aprè klas filozofi m, mwen pa t dwe lakay li, sou responsabilite l ankò »

Majorite paran ayisyen konprann fè klas filozofi, sa deja vle di twòp bagay, fas ak move sitiyasyon peyi an, anpil nan yo konprann aprè klas sila a se moman pou yon timoun naje pou l sòti.

« Chak maten, nan lè anpil jenn bò lakay mwen ap pran wout pou ale nan faktori, m oblije tou sòti, paske fòk sòl mwen peye, pou m reyalize sa m gen bezwen »

Jounen jodi an, nou konstate anpil ti jenn lage nan yon ansanm pratik ki pa rantre nan sans sosyete an. Posibilite pou gangsterizasyon an pran plis chè, epi ogmante kantite timoun k ap fèt epi grandi san pyès akonpayman yo. Sepandan, anpil lòt tou panse jere diyite yo, panse bouske lavi pou yon jou, yo jwenn alemye.

« M dwe viv, m pa ka gad sou paran m. Dayè m pa gen papa. Espwa fanmi an se sou mwen, se nan pran lari pou chodyè monte lakay mwen »

Sa a, se diskou Mackenley, ki gen 26 lane, ki etidye syans administrativ. Jounen jodi an, ki transfòme tèt li an machann pate nan zòn Pyès Sis. Yon kote nan komin Site Solèy.

« Lari an pa souri chak jou ban mwen, dayè toujou gen blòdè k ap pase tcheke m, e pafwa ki konn brake zam sou mwen lè m pral achte pou pran ti lajan jounen an. Men m paka kwaze bra m, paske m konnen lavi se yon lit »

Toujou Mackenley ki sandout aprè etid li kòm egzijans sosyete an, te swete travay sou yon biwo, men domaj se pa sa lavi ofri l.

Nan espas konsantrasyon vyolans yo, gen jenn ki refize fasilite an malgre tout kalamite y ap andire. N ap mande ki jou, kilè Abraram ap di ase pou yo !?!

William SM Saint-Cyr