« Kleren dezewo » nan men jèn yo, ki efè sa genyen?

Publicités

« Kleren dezewo » nan men jèn yo, ki efè sa genyen?

Dezewo (2.0) tafya kleren
Dezewo (2.0) tafya kleren

«Bondye a bon tout bon, si pat gen dezero mwen pa konn kisa mwen t ap fè!»

Dezewo (2.0) yon nimewotasyon teknolojik, konsidere tou jounen jodi an kòm alamòd, kòm resan e menm kòm non youn nan kleren konpoze ki pi konsome nan kapital lan depi kèk lanne. Men lari rele kleren an dezero pou pi senp.

Estrès, grangou, ensekirite ak kriz politik rive okipe premye plas nan yon peyi kote majorite moun k ap viv ladan l se jenn fanm ak gason. Nanpwen posibilite pou moun fonksyone kòmsadwa, sa lakoz anpil ti jenn lage nan chèche yon fason pou divèti yo. Kleren, jan anpil nan yo renmen di l, ede yo chase estrès e se nan sans sa a dezero rive okipe yon plas prèske sou tout teritwa a. Yon plas, anpil lòt kleren konpoze pat janm okipe avan .

«Lè m bwè l li fè m poze, li fè m manje, dòmi, li fè m kapte leson m tou. si yon ledi ban m yon vizit, m jere l yon sèvis klas san difikilte, dezero se lavi menm jan konsiderasyon an fèt pou dlo n ap bwè chak jou»
Pou junior, yon elèv ki nan nouvo segondè kat (NS4) nan yon lekòl sou dèlma a, dezero an kite anfòm dèyè.

«m ap bwè dezero depi 2013, se pa pandan l alamòd la mwen konnen l. Li ede m rete fokis epi reveye nan tout sa m ap antreprann. Li bay bann, se li ki toujou ban m kontwòl lari an chak jou . Bondje a bon tout bon, si pa t gen Dezero m pa konn kisa mwen t ap fè»

Sa a se diskou Mackson, yon jenn gason 27 lanne k ap viv kafou maren, yon zòn nan laplèn.

Dezero an tèlman konsome, jounen jodi an gen kote ki mete gwo entèdiksyon sou konsomasyon yon gwòg parèy. Yon bwason 25 ou 50 pyas sifi, pou fè jwenn vrè plezi yon veritab konsomatè tafya ta ka chèche.

«Lapolis pa vle nou vann dezero nan bak nou, men yo pa janm bay rezon an. Si yo jwenn li nan bak nou la, y ap jete l epi nou ka menm pran kou.»

James, yon machann kleren nan kafou Jeral Batay, e selon li menm, pa jwenn posibilite vann gwòg sila a, lakoz li pa janm fè bon lavant.

Publicités

«M aprann se yon melanj ant fèy bòz la vèt blennde ak kleren, mwen eseye konpozisyon an, m pa twouve l jan li ta dwe ye an, sandout » yo ajoute yon lòt pwodui, ki toujou rete kòm yon sekrè pou anpil ti machann, tankou mwen menm.»

Ti chapo, yon machann kleren nan Pyès Sis, zòn Wout Nèf.
Sandout, pou anpil nan veritab konsamatè kleren sila a, dezero an pa gen twò lontan depi l ap feraye, sinon yo tap gentan fè konesans ak li.

Kounya, ann mande ki enpak segondè yon kleren konsa ka gen sou yon konsomatè?
Ki diskou ki chita dèyè entèdiksyon lapolis rive tabli nan kèk zòn lan?

William SM Saint Cyr. Pakèt Afè (paketafe.com)